Ki avni pou 356 fanmy refijye ayisyen nan Ansapit?

Depi lwa TC 168 13 pibliye nan RD, yon lwa Gouvènman Dominiken an pran kont etranje k ap viv sou teritwa l, moun ki pa gen pèmi legal pou rete nan peyi a, jan yo di l, gen yon xenofobi melanje ak rasis ki deklare lòt bò fontyè a ki konsène sitou moun ki gen po nwa, ayisyen an patikilye .Avan lwa sa a, konstitisyon peyi Dominiken te rekonèt kòm sitwayen dominiken, tout moun ki te fèt sou teritwa l, suivan lwa yo rele “Jus Soli “, sa vle di moun ki fèt sou teritwa a dominiken.

TC 168 13 la vin ranfòse ak yon lòt Arete retwoaktif dominiken pran ki declare moun ki fèt sou teritwa dominiken apre lane 1929 pèdi nasyonalite dominiken yo an patikilye ayisyen; yon mesi ki vyole tout dwa intènasyonal ak rejyonal, yon mezi kont dwa moun, yon mezi ilegal. Pa gen okenn peyi sou latè ki janm denasyonalize resòtisan l ! Tout Peyi sitou peyi nan AmerikLatin yo pwoteste kont mezi sa a, anpil manifestasyon fèt toupatou pou denonse sityasyon RD ap kreye nan zòn nan.

Repiblik Dominiken, pou fè fas ak pwotestasyon k ap sòti tout kote , kreye sa yo rele PNRE ( Plan National de Régularisation des étrangers) kote yo ba imigran yo, ayisyen ak lòt etranje kap viv sou teritwa yo, chans pou yo ta jwenn papye legal pou yo ta ka rete nan peyi a.Sepandan menm si Gouvènman dominiken di moun ka enskri gratis, moun yo gen anpil frè, Notè, avoka etc.. yo pa gen kòb pou rasanble dokiman yo mande yo. Pwosesis la gen anpil lantè, pa gen oken mwayen pou tout ayisyen yo konsidere ilegal yo, jwenn papye . ( nan video nou pran nan vizit dezyèm kan refijye yo, Pastè Harris di nou difikilte pou yon moun jwenn papye legal sa yo) … Delè pou moun regularize sitiyasyon yo fini 17/ 6/15 -19 h lokal. Ayisyen ki pa jwenn papye regilarizasyon sa a ap ilegal osnon apatrid.

Moun yo panike ap kite RD pa pakèt.

Gouvènman ayisyen bò pal kreye yon pwogram PIDIH ( Pwogram idantifikasyon ak dokimnantasyon ayisyen ) Konsila ayisyen yo nan RD sipoze ba moun yo paspò ak kat idantifikasyon nasyonal; sepandan yo pa gen ase dokiman pou bay, epi yo mande moun yo peye pou sèvis sa a. Pwogram lan pa mache. Kan Anbasadè Ayisyen nan RD, Mesye Suplice denonse l, Gouvènman ayisyen revoke l.

Gouvèman 2 peyi yo ap voye toya yon sou lòt …. Depòtasyon ilegal…. Depòtasyon volontè. ,pèsekisyon, vyolans …. Depi delè a ekspire yo di gen plis pase 45000 dominiken orijin ayisyen ak ayisyen ki t ap viv lòtbò a san papye ki retounen an Ayiti. An realite, Ayisyen k ap viv ,nan RD yo anba pèsekisyon,Dominiken fè vyolans sou yo, vòlè sa yo posede, Tè -Kay ak tou zafè yo. Nou gen temwayaj refije yo ki di yo pa gen oken pwoteksyon.

Nan lide pou nou wè ak pwop je nou, epi tande sa refiijye yo gen pou di, ekip Lanbi a, jedi 23 jiyè 2015, ale Anse à Pitre kote gen 2 gwo kan refijye

Ansapit se yon ti bouk ki fè pati komin Bèlans, Depatman Sidès sou fontyè RD ak Ayiti Majorite moun nan zòn nan viv de Lapèch ., . Pou rive la nou pase Croix des Bouquets- Ganthie – Fond Parisien- Fond Vèrette- Forèt des Pins –Thiotte. Bouk Anasapit sitiye a peprè a 80 km Pòtoprens. Wout la pa fin bon, nou pran 4h1/2 pou rive. Zòn nan arid e gen anpil pousyè.

Avan ou antre nan Bouk Ansapit, ou pase nan Bannann, alantre bouk lan, kote nou wè sou lamen gòch 2 kan refijye. Nou di kan refijye, men an reyalite se moun yo ki lè yo janbe fwontyè a, pran espas sa a. Moun yo di yo pat jwenn pèson pou akeyi yo. Yo pa gen tant , pa gen menm prela pou yo abrite yo ; se 4 pikèt bwa yo plante epi kouvri yo ak katon osnon vye twal chire ki paka pwoteje yo ni kont solyèy ni kont lapli.

Nan premye kan an nou wè yon gwoup moun ak bokit nan men ki tap chache dlo,, nou mande yo si nou ka rankontre yo, nou pwal nan Bouk la nap toutnen. Yon Mesye ki sanble lidè kan an, di nou OK, l ap òganize yon rankont .. Nou pase devan dezyèm kan an epi kontinye pou Bouk Ansapit. .

Ansapit pa diferan lòt bouk ak vilaj nan peyi Dayiti. Pa gen elektrisite, pa gen oken estrikti, pa gen anpil mouvman moun, men gen dlo paske nou wè yon pankat ki di gen yon pwogram konjwen RD ak Ayiti. pou kaptaj dlo pou irigasyon epi dlo potab. Moun kap viv Ansapit yo di nou Ministè Lagrikilti pa ede popilasyon an fè plantasyon. Dlo kanal irigasyon an ap gaspiye.

Nou ale bò Fontyè a, pa gen oken mouvman jou sa a, ni bòkote Ayiti ni bòkote RD. Se pa jou mache, nou wè yon konstriksyon ki se yon mache sou bò RD a ki pa gen moun ladan l. Tout bagay sanble nòmal. Nou note akòz chalè pèsonèl biwo imigrasyon Ayiti chita deyò anba pye bwa…. San aktivitte.

Nou kite bouk la pou ale nan kan refijye yo, sa nou te vini wè.

Nan premye kan an, nou aprann gen 218 fanmi kap viv la., Nou konstate nan ki eta delabreman moun yo ap viv,anba gwo solèy. Plis refijye yo se fanm ak timoun. Yon madanm envite nou pare solèy anba yon espès tant li bati limen ak vye twal dechire ;li pa gen anyen, sèlman yon kivèt , yon chodyè, kèk vye twal ki sanble rad, li pa gen nat pou dòmi. Sepandan ak anpli jantiyès li fè yonn nan ti moun li yo, li gen 8 pitit, pran yon bokit vire l tèt anba… mete yon zoreye sou li fè yon manm nan ekip la chita.Li eskize l paske li paka fè nou tout 4 chita. Figi madanm la make detrès…. Li se yon jèn fanm 35 lane li rele Marina.

Marina di nou, li fèt nan Pedernales ( vil RD ki anfas Ansapit). Manman ak papa l te vini nan RD cheche lavi depi lontan, li pa konnen nan ki kote Ayiti yo te sòti, yo tou 2 mouri. Li pa konn pèson an Ayiti, se dominiken li ye., li pa gen papye pou pwouve sa, men nan lopital kote li te fèt la gen dosye. Li chita la, li pa konnen sa k ap rive l ak timoun li yo li pa wè pèson nan Leta vizite l epi di l sa ya p fè pou yo,Ii di li preske pèdi tèt li, men li dwe rete fèm pou sove timoun li yo.. Marina se yon fanm kouraj !

Nou mande Marina si yo te fòse l tounen Ayiti… Li di se yon desizyon li pran, paske kote li tap viv la, li t ap sibi menas dominiken yo. Chak fwa li te rankontre yon dominiken, li di l: « sa Trujillo te fè nan lane 1937.. kote anpil ayisyen te mouri asasine… y ap fè menm bagay ankò » … li sòti pè. Pou sove pitit li, li janbe fwontyè a, mari l rete lòtbò. Nou mande l si li pase nan baryè imigrasyon a, li di nou se rivyè a li janbe epi vini nan kan sa a. Mari l t ap travay nan batey epi lòt jaden, limen tap travay ka Madanm ( travay domestik). Pitit li ki gen laj, ale lekòl.

Menm si lavi a pat bèl nan RD, men yo te ka viv, se sa Marina di nou.…..

Lè nou mande l sa li wè devan l, li di anyen. Leta ayisyen abandone yo, pa di yo anyen se sa ki pi rèd pou li, paske li chita la ak pitit li debra balanse ; se yon pastè ki konn pote yon ti diri pou limen ak pitit li manje nouriti sa a pa ase. Marina desespere.

Lè lòt moun nan kan an wè nou chita anba abri Marina a, yo pwoche pou ba nou temwayaj pa yo. Yon Madanm ki pa ba non li, di se mache li t ap mache lè yon otobis rete fè l monte nan bis la. li di chofè a li gen 2 pitit li kite lakay li, chofè a ki sanble li pat move moun, mennen l ale chache 2 pitit li yo mete yo nan bis la depoze yo sou fwontye. Mari l pa konnen sa ki rive l li eseye voye nouvèl, pase malge vyolans ki fè sou ayisyen yo, moun Ansapit ki fè komès kontinye fè va e vyen, Ayiti/RD.

Gen anpil moun ki vini ka Marina, men gen sa ki pa vle pale. Y ap koute apwouve sa lòt ap di … An reyalite tout moun gen menm pwoblèm … Gen moun ki fèt nan dominikani, ki dominiken, ki pa konn pèson an Ayiti – Gen lòt moun ki ale nan RD paske yo tap sove pou lamizè, Ayiti pa ofri yo anyen ; gen moun ki gen 4 lane rive 10 lane lòtbò a. Anpil ladan yo ta p travay nan plantasyon, gen moun ki pa gen travay regilye men ap fè ti djob pasipala. Anjeneral moun yo pa gen ni papye dominiken ni Ayisyen.

Kondisyon moun yo ap viv nan kan sa a malouk ! Moun yo ap viv nan pousyè …Yo pa gen ase manje – moun yo pa gen bon abri. Moun yo di yo pèdi diyite yo.

Malgre moman difisil moun yo ap viv, a okenn moman yo pa mande n kòb . Yo mande travay.

Dezyèm kan nou vizite.a gen 138 Fanmi ka viv ladan l.

Pastè Harris te di nou lè nou te pase , l ap òganize yon rankont pou nou ak refijye yo nan Legliz la. Se li ki konstwi legliz sa a ak pay kokoye … li fè ti ban an bwa. Nou rantre nan legliz la, te gen yon trantèn moun ki tap tann nou… moun tout laj, granmoun, jèn fi ak jèn gason anpil ti moun.

Nou prezante tèt nou, sitwayen Ayisyen, konsène ki vini wè sa k ap pase…. Gen anpil nouvèl k ap sikile men an reyalite koze yo pa bay bon enfòmasyon sou sa k ap pase nan kan yo. Nou vini pale ak refijye nan kan yo pou fè sikile sa nou wè ak tande pou sitwayen konsène nan peyi a konnen sa kap pase epi mobilize sou kesyon refijye sa a. Nou pwomèt nap sikile enfòmasyon sa yo toupatou.

Pastè Harris ak yon jèn gason ki sanble lidè nan kan yo pran lapawòl pou esplike sa k ap pase.

Pastè Harris di li sòti Bèlfontèn. Ale nan peyi Dominiken gen 16 lane. Manman l ak papa l tap travay demwatye nan plantasyon yon grandon nan zòn Bèlfontèn. Lè yo te mouri, li pat gen kote pou l rete ak mwayen pou viv. Li antre Pòtoprens chache travay, san siksè li jwenn yon gwoup ayisyen ki tap janbe fwontyè, li ale avèk yo. Li pase tan sa l ap travay nan agrikilti. Li te rive gen yon ti tè pou l travay, li tap degaje l. Dominiken pat janm aksepte ayisyen yo, alòs ke se Ayisyen yo ki travay nan plantasyon.yo… sepandan yo pat kon menase touye yo jan sa fèt depi kèk mwa. Yo boule kay li… li wè li pat ka rete nan peyi enemi sa a, li janbe rivyè a … Men kote li rive !! san travay, san kay, san anyen Li pa bezwen lacharite, li mande Leta ede yo fè agrikilti gen tè ak dlo kote yo ye a. Refijye yo pa wè oken reprezantan Leta pale ak yo. Premye Minis ak Madanm Prezidan an te vini fè yon visit. Yo di y ap bay chak moun kòb pou yo retounen kote yo moun. Majorite moun ki la yo pa konnen kote yo moun. Yo fèt RD, osnon kite Ayiti depi lontan; yo pa gen fanmi Ayiti, lè yo ta rive nan zòn kote ansèt yo te fèt, sa yap fè ? Yo pa gen plas yo ankò.. Leta dwe gen yon pwogram pou relokalize moun yo.

Majorite moun nan kan an se fanm ak timoun,Gen timoun tout kote ….. .

Menm jan ak premye kan nou te vizite a, pa gen tant ak prela pou abrite moun yo kont pousyè, solèy lapli… pa gen manje moun yo abandone.

Gen anpiil fanm ansent ki tounen Ayiti. Anpil ti moun fèt nan kan an nan move kondisyon.

Nan gwoup lan, gen yon jèn fanm ki gen yon tibebe nan men l, ti bebe a gen kèk jou li fèt nan kan an. Manman l anmayote l pou pousyè sèl ti figil parèt. Se yon bèl tipitit fi. Figi madanm lan make detrès… li di li pa gen mari, li la 2 bra balanse. Sa li pwal fè ? 2 lòt pitit li genyen rete ak papa yo nan RD. Li te pè anpil paske li te temwen yon dominiken fann tèt yon ayisyen ak yon manchèt li kouri janbe rivyè a.

Gen yon misye yon sèten laj ki di li fèt RD, ale lekòl etidye elektwonik. Li konn degaje l ak metye li genyen an, Jiskaske yo pran l nan lari, mete l nan yon bis, lage l sou fwontyè a ; li pa gen nouvèl madanm li ak 4 timoun, l ap eseye tounen. Nan RD, li di li gen papye.

Yon madanm ki te nan gwoup la, ap plenyen li grangou…. Diri san grès yon pastè ba yo detanzantan pa ase pou li ak 4 pitit li ki nan kan an ak li. Lap mande sa Leta ap fè pou yo.Yap priye pou lapli pa tonbe, paske yo pa gen bon abri ; si gen lapli, tout timoun ap malad epi petèt mouri.

Nou mande moun yo si Ministè Sante vini wè yo ,,, yo di non … Nan Ansapit gen yon Sant sante eske yo ka ale la ? yo pa konnen, paske Majistra Ansapit vini yon grenn fwa nan kan an lè Mme Prezidan an te vini , yo pa janm wè l ankò.

Pastè a gen yon jèn gason ak li k ap eseye òganize 2 kan yo, mete tilòd,pou pa gen krim, men se difisil, yo ta bezwen prezans Leta.…Yo di gen anpil reprezantan ONG ki pase la a, yo pale ak yo, yo fè foto, fè pwomès men pa janm tounen. Sa ki imilye yo plis se jounalis dominiken ki vini fè foto, mande yo sa Leta ayisyen fè pou yo .Jodi a yo resevwa nou, paske yo wè apwoch nou sanble diferan, nou di yo alapòt, se enfòmasyon nou vini pran pou fè sikile pou moun konnen sa k ap pase nan Bannan/ Ansapit . Yo fè nou konfyans.

Yon temwayaj rankontre lòt…. Sitiyasyon moun yo ap viv inimen, Leta pa gen prezans nan kan yo, li pa mete an plas yon estrikti dakèy, sanble pa gen plan pou ede,Sepandan, moun yo ap kontinye janbe fwontyè. Chak jou paske yap. sibi vyolans sitwayen dominiken menm jan ak Lapolis dominiken. Menm zanmi dominiken yo te genyen leve kont yo.

An Oktòb 1937, ayisyen an Repiblik Dominiken te viktim yon « netwayaj Etnik » Gouvènman rasis Troujillo a te òganize e ki te fè 26mil viktim. Netwayaj etnik 2015 lan se pwolonjman, sou lòt fòm, operasyon 1937la. Kondisyon ki pèmèt rasis dominiken yo ataske pèp ayisyen an ak enpinite toujou la. Si pèp ayisyen an pa leve kanpe anmas, non sèlman pou konstui yon chèn solidarite nasyonal pou sipòte moun dominiken yo ap chase yo, men tou pou chanje radikalman kondisyon ki pèmèt yo kontinye imilye konpatriyòt nou yo, jan yo vle, menm kòz yo ap kontinye akouche menm konsekans yo.

Featured Posts
Recent Posts
Archive
Search By Tags
Follow Us
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
  • Google+ Basic Square
Contact
1050 Connecticut Avenue NW, Suite 500

Washington, DC 20036

 

Phone: 202.772.2372

Fax: 202.350.9407

 

info@lambifund.org

vetted_large (2).png
topRanked_large (3).png

For Florida Donors: A copy of the official registration and financial information may be obtained from the division of consumer services by calling toll-free 1-800-help-fla or online at www.floridaconsumerhelp.com,

Registration does not imply endorsement, approval, or recommendation by the state.

Registration #: CH32334