Ki avni pou 356 fanmy refijye ayisyen nan Ansapit?
Depi lwa TC 168 13 pibliye nan RD, yon lwa Gouvènman Dominiken an pran kont etranje k ap viv sou teritwa l, moun ki pa gen pèmi legal pou rete nan peyi a, jan yo di l, gen yon xenofobi melanje ak rasis ki deklare lòt bò fontyè a ki konsène sitou moun ki gen po nwa, ayisyen an patikilye .Avan lwa sa a, konstitisyon peyi Dominiken te rekonèt kòm sitwayen dominiken, tout moun ki te fèt sou teritwa l, suivan lwa yo rele “Jus Soli “, sa vle di moun ki fèt sou teritwa a